eco farming logo

MPE Stats

Membres : 7
Contenu : 45
Liens internet : 6
Affiche le nombre de clics des articles : 6924
Ministère Pasteur ENOCK
MPE/HAITI – NOU PAP JANM KITE DRAPO NOU TONBE. PDF Imprimer Envoyer
Écrit par Etienne Asnold   
Mardi, 15 Mai 2012 16:40

 

MPE/HAITI – NOU PAP JANM KITE DRAPO NOU TONBE.

Drapo se youn nan pi gwo senbòl yon pèp, nan peyi Dayiti depi kèk lane konsa, pa reprezante anyen pou nou, kilès ou kisa ki kòz? Nan okazyon 209 lane kreyasyon 2 bout twèl ble ak wouj yo nou dwe pran yon lot desizyon pou nou vin yon nasyon tout bon vre, konsa MPE ap envitew fè ansanm ak li yon ti refleksyon sou drapo-a.

 

Sou plis pase 200 peyi ki gen sou latè, chak gen yon drapo, se drapo sa-a  kifè yo konnen yo sou plan nasyonal ak entenasyonal. Moun ki kwè nan drapo yo pa pran'l pou bout twèl yo kole ansanm men se pito moso kè yo ke yo pyese. Se pasan rezon, le yon moun wè drapo li parèt yon kote, tankou nan yon konpetisyon po li leve chèdepoul paske se yon moso nan nanm li ki parèt. Le yon espotif patisipe nan yon disiplin nan zafè espò, se drapo-a trè souvan ki pote motivasyon lakay li. Se toujou ak anpil fyète moun defann drapo yo. Kèk fwa nou konn konstate moun ap kriye paske sèlman yo wè drapo yo ap monte, souvan peyi moun sa yo pa menm gen yon istwa fasinant tankou Ayiti, men yo renmen drapo yo paske se nanm yo, se idantite yo.

Kisa'k pase ayisyen sou koze drapo-a? paske 18 me 2012 sa-a fè 209 lane depi zansèt yo te pran desizyon pou pou kreye yon drapo pou pati lwès zile Kiskeya-a. se pat nan tete lang ak etranje ni nan negosiyasyon men se pito san yo kite koule, se tèt yo, yo te ofri kòm sakrifis pou te rann nou lib. Sèlman 209 lane, nou deja bliye ke nan goumen pou libete, yo te mete dife sou Makandal, nan mitan yon plas piblik. Nou gentan bliye ke Toussaint te chanje  kan kou yo chanje chemiz nan mache bouske yon ti zèklè libète ke kolon yo te prive nou. Nou sanble bliye tou kòman Dessalines te riske poli ak yon lòt bann ansyen esklav ak nouvo lib pou te bannou drapo sila-a. se twoke yo te fè chwa twoke pwop tèt yo pou nou te ka fèt lib lajounen Jodi. Le yo tap livre batay ak blan fransè, se te pèdi davans paske yo pat ekipe pou sa, yo te menm rele yo vanipye kew ta di jodi-a kokorat, men yo pat pran sa pou anyen, okontrè yo te plis motive toujou paske yo te kwè nan yon ideyal ke yo te rele libète. Se pa pou san rezon slogan yo sete  LIBETE OU LANMŌ, yo te fè fas ak lanmò chak jou men yo pat pè. Nou  sèten kew konnen istwa CAPOIS LAMORT, men se yon egzanp pami yon pakèt lòt.

Kilès ou kisa ki fè nou pa respekte drapo nou? Eske se vye aksyon dwatgòch chèf isit ap poze depi aprè lanmò Henry Christoph nan lane 1820. Ou byen se jan nèg yo vòlè ki fè nou pa gen yon ti moso lanmou ankò pou drapo peyi-a. jouk  ki kote nou vle sa rive? Nou pa salye drapo ankò. Leta-a bò kote pa'l se chak 18 me yo sonje zafè drapo-a. se pa paske yo vle vrèman men se pito okazyon pou yo pwofite gagote lajan peyi-a, ki donk, pwofite fè mago fasil kòm yo te  toujou ap fè depi dyab te kaporal. Eske se yon rezon, si chèf yo ap gagote pou nou swiv yo? Listwa ap pale pou yo li mèt nan 2 syèk ankò. Ou menm tou listwa ap rapote ki konpòtman kew te genyen kòm pèp.

An nou pran desten nou anmen sou koze drapo-a mezanmi, nou kite lap drive twò lontan atè. Nou vin parèt lèd chak jou nan je lòt nasyon paske nou pa respekte drapo nou, sa fè nou pa konn kilès nou ye tou. Nou san idantite, nap mache tankou yon bann mouton san bèje, nou tankou yon bann moun fou, ki merite anchennen. An nou bay tèt nou yon lòt direksyon pandan nap pran drapo nou  pi serye. Lòt moun sou latè pap janm bannou respè paske nou pa respekte pwòp tèt nou.

Nan okazyon 209 lan MPE te vle nou reflechi ansanm sou koze drapo-a paske se yon wont pou chak grenn aysyen. Tout sitwayen angaje dwe konnen drapo peyi'l se nanm li, li dwe gen tout valè nan je'l, li pa bezwen gade sou jan moun trete'l nan fason kipa bon pou'l fè menm jan tou. Se yon dewa sivik, sitwayen lè'w renmen drapo peyi'w. 209 lane maltretans. Li pran kout bat nan men fanm tankou gason, li sal, li pa ni ble ni wouj ankò, li sonb e jodi-a y'ap kale tèt li pirèd. Si l te yon moun li tap mande padon deja ak move zangi. Men li plis ke sa, se espwa tout yon nasyon. Li pa ka di li bouke, men siw ta pwan sanw pouw analize'l, ou ta wè ke li pa kapab pwan manti ankò. Ou tap wè ke li preske trepase paske souf li vin kout. Si'l te ka pale, li tap di ke'l pa ka moute pote pou l pa janm desann ankò. Li tap di li anvi viv paske twòp san te koule pou bali lavi, men elasǃ se nou ki pou pale pou li. Poutan, nou mete nou pi mal pase'l. Konsa MPE, ap reveye'w ki plonje nan fon somèy tankou yon bann zonbifye.  MPE ap pikew tankou yo pike anba ke bourik pou fè'w nève, pou wè siw ta ponpe, siw ta bay dèyèw kèk tap. Li vle Dessalines ou monte'w. Ou rete twò lontan nan yon somèy san fen, ou tankou koulèv madlèn ki bwè siwo si ak tafya. MPE ap piskennen'w pou fèw leve kanpe pou kriye ak tout fòs ou, paske, drapo peyi Dayi pa ka tonbe, li gen twòp listwa dèyè'l. MPE vle di'w se pou'w motive 209 fwa chak jou BonDye fè jou pou'w chanje sa. Se sou'w ayiti konte, nou pa kwè ke wap fè'l wont. MPE vle di'w ke ou gen yon Dessalines nan ou tou, se'w ki pou reveye'l.

MPE, Montre egzanp lan nan bay patisipasyon pa li depi 5 lane lap mache ak plizye milye moun andedan site solèy. Kote fanfa, mojorèt ak elèv lekòl toujou opa. Ou ka pote patisipasyon paw nan kominote paw. Nou pa konnen ki fason wap fè sa men nou envitew mete menw ak men pa nou pou leve drapo peyi-a piwo. MPE pap kite'l tonbe annou fè sa ansanm. Nou pi rèd ankò nan ane 2012 sa-a paske nou vle 209 fwa pibèl anba tèm˸ ˝FACE POSITIVE DE CITE SOLEIL˝ DRAPO PEYI NOU KI SE AYITI.

 

Mise à jour le Jeudi, 17 Mai 2012 16:55
 
MPE – INCLUS/ PETITE HISTORICITE PDF Imprimer Envoyer
Écrit par Marc Antoine Placide   
Mardi, 24 Avril 2012 18:49

 

Le Ministère Pasteur Enock est un réseau de plusieurs entités distinctes             (INCLUS, ACD, CVNV) mais ayant un même objectif. Dans cet article, nous allons vous faire lier  connaissance avec l’une des entités, INCLUS.

INCLUS-  Centre pour le Développement et le Respect des Droits Humains, comme indique son nom est la toile de fond de MPE. Pour certains, il est le poumon du réseau qui s’occupe des DROITS DE LA PERSONNE dans une communauté où même les droits les plus élémentaires ne sont pas respectés.

Petite historique – il est fort probable pour vous qui lisez cet article, ayez la connaissance de CONOCS- Collectif des Notables de Cite Soleil. Mouvement des citoyens qui a vu le jour le 14 février 2002. A cette époque et comme presque toujours d'ailleurs, la Cité était déchirée par des guerres fratricides, sans l’intervention de nombreux notables pacifistes ce quartier défavorisé aurait perdu la majorité de ses fils et de ses filles. Des leaders dont Jean Enock JOSEPH actuel directeur exécutif du réseau MPE, Jean Ronald REGISTRE, Michel Ange LOUISIUS, Joseph Michel SENEUS, Sony ETIENNE et tant d’autres encore ont mis leurs mains dans le feu pour sauver ce qui pouvait être sauvé au péril de leur propre vie. La lutte était rude mais à force de lutter corps et esprit, on peut dire qu’ils ont eu gain de cause même si beaucoup d’entre eux étaient victimes car c’était une bataille de David contre GOLIATH. Ce n’est qu’en Février 2010, lors de son huitième (8ème) anniversaire que le CONOCS se change en INCLUS. A l’occasion près de 5 000 personnes ont marché de Cité Soleil a l’aéroport Toussaint Louverture car la présidence se longeait à la porte de sortie du pays peu après le séisme du 12 Janvier. A seulement un mois et deux jours de la catastrophe, lés soléens par le biais de CONOCS, voulaient aussi dénoncer la situation abêtie que trouvait le peuple haïtien sous des draps dans des camps insalubres. Une bonne partie du monde applaudissait l’ initiative en voyant que c’est de cité soleil que venait le coup d’envoie en dénonçant  un mal de trop. INCLUS a fait pour son premier jour, un pas de géant, il parle à  haute voix ce qu’on n’osait pas parler tout bas. Les dirigeants de l’époque étaient dans une somnolence profonde, ignoraient la vie d’enfer que menait la population, mais INCLUS les a secoués avec les balais, des perles et des brouettes.

INCLUS continue à éduquer la population dans des formations des droits humains, des séminaires, des débats mensuels et des vulgarisations en pleine rue. Que cet instrument de paix reste de et demeure longtemps encore dans les annales du peuple haïtien.

Un article de la Direction de la Communication du Réseau MPE, elle vous souhaite bonne lecture. A très bien tôt pour une autre entité du réseau.

 

Mise à jour le Vendredi, 27 Avril 2012 17:21
 
MPE, Distribution de kits alimentaire PDF Imprimer Envoyer
Écrit par Marc Antoine Placide   
Mercredi, 18 Avril 2012 19:48

MPE, Distribution de kits alimentaire.

Programme Mathieu 25v35

Ce mercredi 18 avril 2012 le Programme Mathieu 25v35 du MPE "Ministère Pasteur Enock" dirigé Par Madame

Marie Guenine NOEL, a distribué da la nourriture à cent quarante cinq (145) vieillards et Handicapés.

chaque kit comprend 10 lbs de riz et 5 lb de pois. Les bénéficiaires ont été très satisfaits de ce geste

humanitaire du reseau MPE et souhaitent la continuité de cette activité.

Ce programme est le bras humanitaire du MPE plus de deux cents vulnérables ils
sont tous des vieillards de soixante 60) ans et plus reçoivent régulièrement des kits alimentaires.

Grace à Food for the Poor le MPE a déjà aide plus de 50 000 familles.

Mise à jour le Mercredi, 18 Avril 2012 20:17
 
« DébutPrécédent1234SuivantFin »

Page 1 sur 4

Qui est en ligne?

Nous avons 2 invités en ligne

English Section

English Section

  • Facebook: jeanenock
  • Facebook Page: 112052585566585
  • Picasa: 109042600537142951418
  • Twitter: mpeinclus
  • YouTube: mpehaiti
  • External Link: www.haiti-reference.com/

feed-image Feed Entries

MPE Video

MPE SlideShow


Animé par Joomla!. Designed by: joomla themes free list of celebrities Valid XHTML and CSS.